Psalms 45:16
(045:17) Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè.
Bib La
In The King James Version
Instead of thy fathers shall be thy children, whom thou mayest make princes in all the earth.
In Context
15(045:16) Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.
Cross References
Psalms 22:30(022:31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.
Isaiah 54:1Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa.
Matthew 19:29Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
Galatians 4:26Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
1 Peter 2:9Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k'ap sèvi Wa a, yon nasyon k'ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n' te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Revelation 5:10Ou fè yo tounen yon sèl nasyon pou Wa a, yon bann prèt k'ap sèvi Bondye nou an. Se yo ki va gouvènen sou latè a.