Psalms 45:2
(045:3) Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Proverbs 22:11Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.
Song of Solomon 5:10Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (010.000) gason.
Isaiah 50:4Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè.
Zechariah 9:17Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.
Luke 4:22Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozèf la sa?