Psalms 45:5
(045:6) Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
Bib La
In The King James Version
Thine arrows are sharp in the heart of the king’s enemies; whereby the people fall under thee.
In Context
Cross References
Numbers 24:8Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.
Psalms 21:12(021:13) L'ap tire flèch li sou yo, l'ap fè yo kouri ale.
Psalms 38:2(038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
Jeremiah 23:6Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.
Luke 19:42li di: Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, koulye a, yo kache; ou pa kapab wè yo!
Acts 2:37Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè?