Psalms 45:7
(045:8) Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 8:12Lèfini ankò, li pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li vide l' sou tèt Arawon. Se konsa li mete l' apa pou Bondye.
1 Kings 1:39Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Psalms 21:6(021:7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.
Psalms 89:20(089:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
Psalms 99:4Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.