Psalms 45:9
(045:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 2:9Men ou menm, pa padonnen l' sa. Ou gen bon konprann, ou konn sa pou ou fè avè l'. Jwenn yon jan pou fè yo touye l' atout li fin vye granmoun lan.
1 Kings 10:11Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.
Job 22:24Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.
Psalms 72:10Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
Song of Solomon 4:8Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.
Song of Solomon 7:1Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!