Psalms 46:3
(046:4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 19:11Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a.
Job 38:11Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.
Psalms 93:3Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
Isaiah 5:3Lè sa a, zanmi mwen an di: -Nou menm moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo, nou pral di m' kilès nan nou de a, jaden rezen an ak mwen menm, ki antò.
Isaiah 54:10Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m' te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
Jeremiah 5:22Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'.