Psalms 46:7
(046:8) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
Bib La
In The King James Version
The LORD of hosts is with us; the God of Jacob is our refuge. Selah.
In Context
8(046:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
Cross References
2 Chronicles 13:12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
Psalms 9:9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Isaiah 8:10Nou mèt fè plan nou. Men, sa p'ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske nou menm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou!
Romans 8:31Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?