Psalms 46:8
(046:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
Bib La
In The King James Version
Come, behold the works of the LORD, what desolations he hath made in the earth.
In Context
Cross References
Exodus 10:7Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini!
Exodus 14:30Sè jou sa a Seyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Lejip yo. Moun pèp Izrayèl yo te wè kadav moun peyi Lejip yo sou tout bò lanmè a.
Numbers 23:23Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!
Joshua 11:20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
Psalms 59:10(059:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal.
Psalms 92:4(092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.