Psalms 46:9
(046:10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
8(046:9) Vini wè travay Seyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!
Cross References
Joshua 11:6Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.
1 Samuel 2:4L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouraj.
Psalms 76:3(076:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè.
Isaiah 10:23Wi, Seyè ki gen tout pouvwa a pral fè lènmi mache nan tout peyi a pou yo devalize l' jan li te di l'ap fè l' la.
Isaiah 60:18Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen.
Ezekiel 39:9Lè sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral soti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y'ap boule yo. Y'ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran sètan pou l' boule.