Psalms 48:1
(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:1Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.
Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
Psalms 42:1(042:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (042:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Psalms 46:4(046:5) Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Psalms 65:1(065:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (065:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
Psalms 86:10paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.