Psalms 48:5
(048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
Bib La
In The King James Version
They saw it, and so they marvelled; they were troubled, and hasted away.
In Context
4(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
6(048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
Cross References
Exodus 14:25Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: -Ann kouri kite moun Izrayèl yo an repo. Paske, Seyè a ap goumen pou yo kont nou.
2 Kings 7:6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.