Psalms 5:7
(05:8) Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 24:15Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.
1 Kings 8:35Lè va gen chechrès nan peyi a san yon ti degout lapli paske pèp la te peche kont ou, si yo règrèt sa yo te fè a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyè isit la, si yo rele non ou,
Psalms 28:2Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.
Psalms 51:1(051:1) Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a (051:2) lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. (051:3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib.
Psalms 55:16(055:17) Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
Psalms 69:16(069:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.