Psalms 50:3
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
4Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
Cross References
Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
Numbers 16:35Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (0250) mesye ki t'ap ofri lansan yo.
1 Kings 19:11Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a.
Psalms 18:9(018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
Psalms 50:21Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
Psalms 83:1(083:1) Chante sa a se yon sòm Asaf li ye. (083:2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!