Psalms 51:17
(051:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 22:19Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
Psalms 22:24(022:25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn.
Psalms 102:17(0102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
Psalms 147:3L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Ezekiel 9:3Lè sa a, gwo bèl limyè ki make prezans Bondye pèp Izrayèl la soti anwo tèt bèt vivan yo kote l' te ye a, li deplase, li al rete nan papòt pou antre nan tanp lan. Seyè a rele nonm ak rad twal fin blan an ki te gen poban lank mare nan ren l' lan.