Psalms 51:19
(051:21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 4:5(04:6) Ofri bèt Seyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li!
Psalms 66:13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
Isaiah 57:15Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.
Malachi 3:3La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la.
Ephesians 5:2Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.