Psalms 51:6
(051:8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 20:5Se Abraram ki di m' se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l' di m' se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m' fè a san ankenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal.
2 Samuel 12:13David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.
1 Chronicles 29:17Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.
Job 32:8Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!
Psalms 5:9(05:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
Psalms 26:2Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',