Psalms 52:9
(052:11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 5:11Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an.
Psalms 30:12(030:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
Psalms 48:9(048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
Psalms 62:1(062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
Psalms 73:25Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.
Psalms 123:2Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.