Psalms 53:1
(053:1) Pou chèf sanba yo. Fè yo chante ansanm, tankou timoun lekòl. Se yon sòm David. (053:2) Moun fou di nan kè yo: -Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:11Men, tout lòt moun yo te fin pouri devan Bondye. Toupatou sou latè se te mechanste sou mechanste.
Deuteronomy 12:31Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!
1 Kings 14:24Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la.
Job 15:16Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
Psalms 10:6L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.
Psalms 10:13Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen?