Psalms 53:4
(053:5) Bondye di: -Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 27:2Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Jeremiah 10:25Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.
Revelation 17:16Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.