Psalms 53:5
(053:6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
1 Samuel 14:15Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
Job 15:21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Psalms 14:5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Psalms 35:26Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
Psalms 73:20Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.