Psalms 54:1
(054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
Bib La
In The King James Version
Save me, O God, by thy name, and judge me by thy strength.
In Context
Cross References
Exodus 23:21Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.
1 Samuel 23:19Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a.
2 Chronicles 20:6Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou.
Psalms 26:1Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.
Psalms 48:10(048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
Psalms 99:4Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.