Psalms 55:10
(055:11) Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans.
Bib La
In The King James Version
In Context
11(055:12) Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun.
Cross References
1 Samuel 19:11Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avèti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri.
2 Samuel 16:21Achitofèl reponn: -Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.
Psalms 58:3(058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
Psalms 59:14(059:15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la.
Ezekiel 9:4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.
Micah 2:1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo.