Psalms 55:14
(055:15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.
Bib La
In The King James Version
We took sweet counsel together, and walked unto the house of God in company.
In Context
13(055:14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'.
Cross References
Job 19:19Pi bon zanmi m' yo ap gade m' ak degoutans. Sa m' pi renmen yo ap pale sou do m'.
Psalms 42:4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.