Psalms 56:12
(056:13) O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.
Bib La
In The King James Version
Thy vows are upon me, O God: I will render praises unto thee.
In Context
11(056:12) Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
Cross References
Genesis 35:1Bondye di Jakòb: -Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou la.
1 Samuel 1:11Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
Psalms 9:1(09:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. (09:2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.
Psalms 50:14Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Psalms 66:13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
Psalms 116:14Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.