Psalms 56:4
(056:5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?
Bib La
In The King James Version
In Context
3(056:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
5(056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
Cross References
1 Samuel 30:6David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.
2 Chronicles 20:4Moun soti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Seyè a.
Psalms 19:7(019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Psalms 118:6Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?
Psalms 119:160Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.