Psalms 56:5
(056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
Bib La
In The King James Version
Every day they wrest my words: all their thoughts are against me for evil.
In Context
4(056:5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?
Cross References
1 Samuel 18:17Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.
1 Samuel 18:29Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.
1 Samuel 20:33Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre.
Psalms 41:7(041:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
Psalms 118:6Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?
Jeremiah 18:18Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.