Psalms 56:6
(056:7) Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
5(056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
7(056:8) Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
Cross References
Job 16:10Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.
Psalms 2:1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
Psalms 37:32Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.
Psalms 59:3(059:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.
Psalms 71:10Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.
Psalms 140:2(0140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.