Psalms 56:9
(056:10) Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
Bib La
In The King James Version
When I cry unto thee, then shall mine enemies turn back: this I know; for God is for me.
In Context
10(056:11) M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.
Cross References
Exodus 17:9Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.
Psalms 9:3(09:4) Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
Psalms 27:2Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
Psalms 46:11(046:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
Psalms 118:6Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!