Psalms 59:12
(059:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 10:2Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan.
Psalms 64:7(064:8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
Psalms 109:17Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
Psalms 140:9(0140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
Proverbs 11:6Lè yon moun serye fè sa ki dwat, sa ap sove l'. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, y'ap pran nan move jwèt y'ap fè a.
Proverbs 18:7Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.