Psalms 59:3
(059:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
2(059:3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo!
4(059:5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo!
Cross References
1 Samuel 19:1Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil.
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
Psalms 2:2Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
Psalms 10:9Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.
Psalms 38:12(038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
Psalms 69:4(069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.