Psalms 6:2
(06:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
Bib La
In The King James Version
Have mercy upon me, O LORD; for I am weak: O LORD, heal me; for my bones are vexed.
In Context
3(06:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
Cross References
Exodus 15:26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.
Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
Job 19:21Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
Psalms 22:14(022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi.
Psalms 31:10(031:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Psalms 38:2(038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.