Psalms 6:4
(06:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
Bib La
In The King James Version
Return, O LORD, deliver my soul: oh save me for thy mercies’ sake.
In Context
3(06:4) Lespri m' boulvèse anpil, Seyè. Pou konbe tan bagay sa a la ankò?
5(06:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
Cross References
Psalms 17:13Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo.
Psalms 25:7Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'!
Psalms 74:10Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?
Psalms 79:8Tanpri, pa pini nou pou peche zansèt nou yo te fè. Gen pitye pou nou! Prese vin ede nou, paske nou fin dekouraje nèt.
Psalms 86:13Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.
Psalms 116:4Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!