Psalms 6:5
(06:6) Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a.
Bib La
In The King James Version
For in death there is no remembrance of thee: in the grave who shall give thee thanks?
In Context
4(06:5) Tounen vin delivre m' non, Seyè! Jan ou gen kè sansib sa a, pa kite m' mouri.
6(06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
Cross References
Psalms 88:10(088:11) Eske se pou moun mouri ou fè mirak? Eske mò ka leve pou fè lwanj ou?
Psalms 115:17Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.
Psalms 118:17Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.
Isaiah 38:18Yo pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. Non. Moun mouri pa ka fè fèt pou ou! Moun ki deja desann kote mò yo ye a pa ka konte sou ou pou ou kenbe pawòl ou.