Psalms 60:6
(060:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:17Jakòb menm pati pou Soukòt. Lè li rive la, li bati yon kay pou li ak yon pak pou bèt li yo. Se sak fè yo rele kote sa a Soukòt.
Joshua 13:27Nan fon an yo te gen lavil sa yo: Bèt aram, Bèt-Nimra, Soukòt ak Zafon, rès peyi wa Siyon ki te rete Esbon an. Larivyè Jouden te sèvi yo fwontyè rive letan Galile nan nò. Tout pòsyon pa yo a te lòt bò solèy leve.
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
Joshua 24:32Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.
2 Samuel 3:18Enben, men chans nou. Paske men sa Seyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m' lan, pou m' delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l' yo.
2 Samuel 7:18Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?