Psalms 61:7
(061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
Bib La
In The King James Version
He shall abide before God for ever: O prepare mercy and truth, which may preserve him.
In Context
6(061:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.
8(061:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.
Cross References
Genesis 32:10Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.
Psalms 21:5(021:6) Y'ap fè gwo lwanj pou li, paske ou ede l', ou fè yo respekte l', ou ba li bèl pozisyon,
Psalms 41:12(041:13) Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan.
Psalms 57:3(057:4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Luke 1:33La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.