Psalms 62:1
(062:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (062:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.
Bib La
In The King James Version
Truly my soul waiteth upon God: from him cometh my salvation.
In Context
Cross References
1 Chronicles 16:41Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou.
1 Chronicles 25:3Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi.
Psalms 27:14Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
Psalms 37:7Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Psalms 39:1(039:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (039:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.
Psalms 62:2(062:3) Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.