Psalms 62:4
(062:5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l' pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.
Bib La
In The King James Version
In Context
5(062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
Cross References
Psalms 2:1Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
Psalms 28:3Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
Psalms 52:3(052:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.
Psalms 119:163Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.
Proverbs 13:5Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo.
Hosea 7:3Nan mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo.