Psalms 62:5
(062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
Bib La
In The King James Version
My soul, wait thou only upon God; for my expectation is from him.
In Context
Cross References
Psalms 37:34Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
Psalms 42:5(042:6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: -Poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m'? M'ap met espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Psalms 43:5Wi, men poukisa m' kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè m'? M'ap mete espwa mwen nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Psalms 71:5Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.
Psalms 104:1Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!
Psalms 146:1Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m' fè lwanj Seyè a!