Psalms 62:7
(062:8) Se Bondye k'ap delivre m'. Se li menm k'ap fè yo respekte m'. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.
Bib La
In The King James Version
In God is my salvation and my glory: the rock of my strength, and my refuge, is in God.
In Context
Cross References
Psalms 4:2(04:3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m' nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre!
Psalms 18:2(018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Psalms 94:22Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.
Psalms 125:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
Isaiah 33:16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.