Psalms 63:11
(063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10(063:11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
Cross References
Deuteronomy 6:13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
1 Samuel 24:20Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm.
Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
Psalms 31:18(031:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.
Psalms 107:42Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.
Isaiah 45:23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.