Psalms 63:9
(063:10) Men, moun k'ap chache touye m' yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
Bib La
In The King James Version
But those that seek my soul, to destroy it, shall go into the lower parts of the earth.
In Context
8(063:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
10(063:11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
Cross References
Numbers 16:30Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l' vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y'ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n'a konnen se Seyè a menm yo t'ap derespekte konsa.
1 Samuel 28:19Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo.
Psalms 9:17(09:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
Psalms 35:4Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.
Psalms 38:12(038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
Psalms 55:15(055:16) Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo.