Psalms 66:12
Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.
13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
Cross References
Job 5:19Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou.
Psalms 33:19L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.
Psalms 107:35Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
Isaiah 35:6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.
Isaiah 43:2Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Daniel 3:26Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a.