Psalms 66:3
Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
4Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.
Cross References
Exodus 15:21Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
Judges 5:20Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera.
Psalms 18:44(018:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:
Psalms 22:28(022:29) Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon.
Psalms 65:5(065:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.
Psalms 76:12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.