Psalms 66:6
Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
Bib La
In The King James Version
He turned the sea into dry land: they went through the flood on foot: there did we rejoice in him.
In Context
5Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.
Cross References
Exodus 14:22Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo.
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
Joshua 3:16Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.
Joshua 4:22n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.
Psalms 104:5Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.
Psalms 136:13Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!