Psalms 68:35
(068:36) Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
Deuteronomy 33:26Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.
Job 37:22Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.
Psalms 29:11Seyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.
Psalms 47:2(047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
Psalms 66:5Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.