Psalms 68:5
(068:6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
Bib La
In The King James Version
A father of the fatherless, and a judge of the widows, is God in his holy habitation.
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:18L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
2 Chronicles 6:2Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.
Job 29:12Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.
Psalms 10:14Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.
Psalms 33:14Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.
Psalms 72:4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.