Psalms 69:13
(069:14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12(069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen.
Cross References
Genesis 24:27Li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l' la. Li mennen m' tout dwat lakay fanmi mèt mwen an.
Esther 5:2Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an.
Esther 7:2Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè, tankou premye jou a: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li!
Psalms 40:10(040:11) Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Psalms 55:16(055:17) Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
Psalms 98:3Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.