Psalms 69:20
(069:21) Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
21(069:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen.
Cross References
Job 19:21Nou se zanmi m'. Pitye pou mwen! Pitye! Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
Psalms 42:10(042:11) Mwen santi tout zo nan kò m' ap fè m' mal. lè moun k'ap pèsekite m' yo ap joure m', lè tout tan y'ap mande m': -Kote Bondye ou la?
Psalms 142:4(0142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.
Matthew 26:37Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li.
Mark 14:37Li tounen bò kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: -Simon! W'ap dòmi? Ou pa t' kapab rete je klè menm yon ti moman?
John 12:27Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a.