Psalms 69:23
(069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò!
Bib La
In The King James Version
Let their eyes be darkened, that they see not; and make their loins continually to shake.
In Context
24(069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
Cross References
Deuteronomy 28:65Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Seyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.
Isaiah 21:3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.
Jeremiah 30:6Mande sa ki genyen! Al gade non! Eske gason konn pouse pitit? Poukisa mwen wè tout gason men anba tivant tankou fanm ki gen tranche? Y'ap dekonpoze, figi yo rale.
Matthew 13:14Konsa, sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo: n'a tande nan zòrèy nou, men, nou p'ap konprann. n'a gade ak je nou, men, nou p'ap wè.
Acts 28:26Ale jwenn pèp sa a, di l' pou mwen: Pou tande n'a tande nan zòrèy nou, men nou p'ap konprann anyen. Pou gade n'a gade ak je nou, men nou p'ap wè.
Romans 11:25Frè m' yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre.