Psalms 69:26
(069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.
Bib La
In The King James Version
In Context
25(069:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.
27(069:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
Cross References
2 Chronicles 28:9Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.
Job 30:13Yo sènen m' toupatou pou yo ka fini avè m'. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.
Isaiah 53:4Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l'. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l'. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l', se kraze Bondye t'ap kraze l' anba men l'.
Zechariah 1:15Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pa t' twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li.
Mark 15:27Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò.